Disfruta de 1 año de Premium al 40% de dto ¡Lo quiero!
Sylvain Exavier
Podcast

Sylvain Exavier

11
0

This podcast is named after its host, Sylvain EXAVIER, and it is dedicated to sharing personal thoughts, beliefs, and understanding without claiming absolute truth. The podcast aims to inspire, encourage, and elevate listeners through authentic reflections and perspectives.

This podcast is named after its host, Sylvain EXAVIER, and it is dedicated to sharing personal thoughts, beliefs, and understanding without claiming absolute truth. The podcast aims to inspire, encourage, and elevate listeners through authentic reflections and perspectives.

11
0

Konpa Kingdom Audio Review

Konpa Kingdom se youn nan pwogram ki te gen plis antisipasyon sou li pou ane 2023 a, Carel te anonse l kòm pi gwo evènman ane a. Eske se sa l te ye? Tande sa m panse de sa nan epizòd saa ke m anrejistre premye janvye nan maten avan te deplase ale pran vòl pou m tounen lakay mwen apre espektak la. --- Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/sylvainexavier/support
World and society 2 years
0
0
0
56:58

Marcus LOLO

Marcus LOLO se yon jenn pyanis ayisyen k ap pèfeksyone talan li nan inivèsite Etazini, pandan l ap etidye l ap pataje konesans li tou ak lòt jenn ki enterese a mizik menm jan ak li. Mwen te kontan echanje ak Marcus --- Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/sylvainexavier/support
World and society 3 years
0
0
0
59:44

Dènye interview Sylex ak MikaBen

Anviwon 9 lane apre nou te fè dènye interview nou an 2013, nan ete 2022 a mwen te deside kontakte Mika pou nou fè yon ti pale nan podkas mwen an. Men mwen pat jan imagine se ta pral dènye interview m ak frè a nan Kozalite. --- Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/sylvainexavier/support
World and society 3 years
0
0
0
01:12:08

Kòman enfliyans kreyasyon atistik yo manifeste sou konsomatè yo?

Tout zèv atistik kreye nan lide pou fè yon efè kèlkonk sou nenpòt moun ki konsome l, men se pa tout moun ki konsyan de sa.  Sikològ Osman Jérôme se envite m nan 7e epizòd Lyrikalite-a, ansanm avè l nou tante reponn kesyon sa yo:  Eske yon zèv ka enfliyanse yon moun san li pa konsyan de sa?  Eske se tout zèv yon moun konsome ki enfliyanse l? Eske l posib pou yon moun limite enfliyans kreyasyon atistik yo sou li? Kòman enfliyans zèv atistik yo manifeste sou konsomatè yo?  --- Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/sylvainexavier/support
World and society 5 years
0
0
0
23:11

Kòman zèv atistik yo enfliyanse konsomatè yo?

Kontrèman ak sa anpil moun panse, objektif zèv atistik yo pa redwi a pote plezi sèlman! Nan epizòd Lyrikalite sa-a nou gade kòman enfliyans kreyasyon atistik yo manifeste sou konsomatè yo. Pou rann egzèsis sa pi otantik posib, nou gen yon echantiyon 4 pwofesyonèl nan lavi sosyal la ki se tou 4 moun ki konsome zèv kreyatè ayisyen ki pataje eksperyans yo ak kèk zèv pou ede nou konprann kijan kreyasyon sa yo make lavi yo. Pandan m'ap envite w tande ak pataje podkas la, m'ap tou pwofite remèsye Steffany Rebeca, Hansy Mars, Ariste Jean ak Vilcius Simon ki te dakò pataje temwanyaj yo ak nou nan 6e epizòd Lyrikalite a.  Mèsi, Bòn ekout! Sylvain Exavier --- Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/sylvainexavier/support
World and society 5 years
0
0
0
38:07

'Festival En Lisant' , 5 lane defi ak estrateji!

"Festival En Lisant" sou 5e edisyon li ane sa. Ki estrateji "BIT-Haïti" deplwaye pou kenbe "Festival En Lisant" vivan pandan 5 lane ki pase yo? Ki kote yo jwenn mwayen pou finanse pwojè sa-a? Eske Leta sibvasyone aktivite y'ap òganize yo? Ki tèm festival la ane sa-a? Kiyès ki envite donè yo ane a? Sa yo se kèk pami kesyon nou abòde nan podkas la ak direktè atistik festival la, Eliezer Guérismé, ki te aksepte fè yon ti koze ak nou nan kad 5e epizòd Lyrikalite a. Mwen envite w tande sa l te pataje ak nou kòm enfòmasyon. Mèsi pou ekout ou! Sylvain Exavier --- Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/sylvainexavier/support
World and society 5 years
0
0
0
29:15

Kisa ki te motive Obed Lamy reyalize dokimantè «A promising voice»?

Reyalizatè dokimantè «A promising voice» ki deja jwenn akseptasyon pou l difize plizyè nan festival fim entènasyonal, jounalis Obed Lamy se envite nou nan 4e epizòd LyriKalite a, li pataje anpil enfòmasyon ak nou sou pwosesis reyalizasyon dokimantè a ak anpil lòt obsèvasyon li fè pandan l'ap fè Metriz nan jounalism nan inivèsite nan Fayetteville nan Eta Arkansas.  Kisa ki te motive Obed Lamy reyalize dokimantè «A promising voice»?  Kote lide a soti? Poukisa tit sa-a pou dokimantè a? Poukisa se istwa saa li te chwazi? --- Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/sylvainexavier/support
World and society 5 years
0
0
0
41:13

Ki enfliyans sosyete Pawolye yo ap evolye a genyen sou kreyasyon yo?

Menm jan ak nenpòt sitwayen òdinè yon pawolye ekspoze a tout enfliyans ki travèse diferan kategori sosyal kote l'ap evolyese-a. Enfliyans sa yo pa san efè sou kreyasyon atistik pawolye a, menm jan zèv li pa kite sosyete ki konsome l la endiferan non plis.  Envite nou nan epizòd Lyrikalite sa se enjenyè kiltirèl Djimy Ducasse ki genyen yon fòmasyon nan sosyoloji tou, avèk li nou fè kèk konsiderasyon sou kijan sosyete a enfliyanse zèv yon pawolye, kòman pawolye a chwazi ki enflyans l'ap degaje nan pwodiksyon l yo epi nou gade ki enpak kreyasyon atistik pawolye a genyen sou sosyete a an retou.  Mèsi pou ekout ou, pa ezite fè nou remak ak sijesyon si w genyen! Opinyon w konte anpil pou ekip Lyrikalite-a!  --- Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/sylvainexavier/support
World and society 5 years
0
0
0
26:19

ENPAK SIKOLOJIK ak SOSYAL LANGAJ sou MOUN ak sou IMAJINÈ KOLEKTIF LA

Envite nou nan epizòd # 2 podkas Lyrikalite a se Doktè Jeff Matterson Cadichon, avèk li nou gade kòman sikològ yo konprann konsèp Langaj, Lang ak pawòl epi fè kèk konsiderasyon sou enpak sikolojik ak sosyal konsèp sa yo genyen sou moun de fason endividyèl ak sou imajinè kolektif la. Mèsi paske w pran koute LyriKalite, travay la pap gen okenn sans san sipò w. Pataje epizòd sa ak tout moun nan antouraj ou epi pa ezite fè nou remak ak sijesyon nan kòmantè oubyen an prive sou paj pèsonèl nou sou rezo sosyal yo: @SylexOfficiel ak @JeffCadichon sou twitter.  Mèsi,  Bòn ekout!  Sylvain Exavier --- Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/sylvainexavier/support
World and society 5 years
0
0
0
26:56

Konsiderasyon syantifik sou konsèp LANGAJ, LANG ak PAWÒL

Pawòl se youn nan fòm langaj moun itilize pou eksprime emosyon yo ak komike antre yo nan yon lang done. Nan premye epizòd podkas sa-a, LyriKalite, n'ap fè kèk konsiderasyon syantifik sou konsèp: LANGAJ, LANG ak PAWÒL. Pou ede m nan demach sa-a, lengwis Kendi Zidor se envite m nan kad premye epizòd LyriKalite a. Mèsi paske w koute LyriKalite, travay la pap gen okenn sans san sipò w. Pataje epizòd sa ak tout moun nan antouraj ou epi pa ezite fè nou remak ak sijesyon nan kòmantè oubyen an prive sou paj pèsonèl nou sou rezo sosyal yo: @SylexOfficiel ak @Kendizidor sou twitter. Mèsi, Bòn ekout! Sylvain Exavier --- Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/sylvainexavier/support
World and society 5 years
0
0
0
18:30

#LyriKalite

#LyriKalite se podkas ki dedye a tout pawolye nan sektè kiltirèl ayisyen an. Se yon espas kote mwen Sylvain Exavier ak ekip Lirykalite a pral chita pale ak tout moun ki ekri pawòl pou kreye zèv atistik tankou mizik, pwezi, slam, teyat, fim,liv ak tout lòt fòm atizay ki itilize pawòl. Swiv mwen sou twitè nan @SylexOfficiel pou w konnen kiyès k'ap envite nan chak epizòd k'ap soti. --- Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/sylvainexavier/support
World and society 5 years
0
0
0
01:04
You may also like View more
El Canal del Coronel El análisis geopolítico del Coronel Pedro Baños. Abordaremos temas relacionados con geopolítica, estrategia, inteligencia, seguridad, defensa, terrorismo, geoeconomía y relaciones internacionales. Updated
ESPURNA Entrevistas sobre ciencia, tecnología, amor, lenguaje, historia, cultura, geoestrategia y las repercusiones de todo ello en el mundo del futuro. Con Jordi Llátzer @jordillatzer. Canal de YOUTUBE: https://www.youtube.com/channel/UCSQJX9lm4u92bx0XGpEIUiA TWITCH: https://www.twitch.tv/jordillatzer Updated
Solo Documental "AQUELLOS QUE OLVIDAN SU HISTORIA ESTÁN CONDENADOS A REPETIRLA" Un "Me Gusta" o tu comentario nos dan fuerzas para seguir adelante. "De conformidad con el Título 17 USC Sección 107, el material de este sitio se distribuye sin costo a aquellos que han expresado un previo interés en recibir la información incluida para propósitos educativos y de investigación." Updated
Go to World and society